jeudi 14 avril 2011

konferans de pres fiyet danto ak gason feray pou vodou ka soti anba tab

KONFERANS POU LA PRÈS
nap retire chapo nou byen ba pou nou salye la près ekri, pale, ak televize, ki pèmèt ke paròl nou di yo, ale nan zorèy moun ki konsène yo, nap profite salye tout vodouyizan nan 4 kwen peyi d Ayiti, houngan makout, houngan assongwe, sosyete chanpwèl elatriye. Ayibobo pou travay infatigab sa a. 
konferans de près sa jounen jodia, se pou nou remèsye tout vodouyizan kite pran angajman, ki tal vote Joseph Michel Martelly, epi di prezidan an byenvini ak ekip li a nan tèt peyi a
Lè nou konsidere depi lannen 1804, vodou a pa janm jwen èd nan men leta, ni jwen travay nan men leta, ki dire proteksyon.
Lè nou konsidere nou menm vodouyizan, yo dechouke lakou nou pandan 13 fwa, e jouk jounen Jodi, yo pa mande rete
Lè nou konsidere yo lage tout sa ki pa bon sou do nou, tankou kolera, lougarou, maladi sida elatriye
Lè nou konsidere konstitisyon 1987 la bay tout moun dwa pou ekzèse relijyon yo selon la fwa yo.
Nou konprann jounen jodi a fòk nou tal vote prezidan Joseph Michel Martelly, kite di tèt kale pou tout moun, Ki montre klèman li pap fè menm jan ak zòt yo, pou di vodou pa ladann.
Nou menm kolektif 123  ki genyen animatè emisyon vodou yo, asosyasyon, ògananizasyon vodou, sosyete chanpwèl, group rasin, band rara ak 101 houngan, mambo  kite travay pou ede mete  Joseph Michel Martelly prezidan repiblik la.
E nap tou pran angajman pou nou kontinye ankadre gouvènman sa a, nan lit ke li pral mennen pou chanje figi peyi a. nap profite prezante ak popilasyon an, an jeneral ak vodouyizan an patikilye group FIYÈT DANTÒ AK GASON FERAY kòm  klèb vodouyizan volontè ki vle ede avansman peyi d Ayiti.
Group sa, se pou kolabore avèk gouvènman an, FIYÈT DANTÒ AK GASON FERAY ap genyen pou li travay ak tout gouvènman andan peyi a, nan domènn sosyo kiltirèl ak politik, ak nan rekonstriksyon peyi a, yon fason pou nou kapab pote yon sipò reyèl nan tout aktivite andann peyi a.

samedi 9 avril 2011

origine rara par samba el (elien isac)


Centre  Education Culturelle Internationale L’ Art Expérience
(C.E.C.I.L.E. et kilti kreyól)
Lundi à vendredi et dimanche 6 hrs á 8hrs am, 106.5 (planèt kreyól)

APRE KANAVAL SE RARA KI SON LOT BRANCH NAN TRADISYON AYISYEN AN.
Chak ane nan peryod paskal, ayisyen yo toujou fete peryòd sa ki genyen anpil chalè, ki genyen anpil koulè, anpil mizik, ak imaj
Yo rele li kòmansman karèm nan legliz katolik, ou byen peryod kòmansman rezireksyon jesu christ
E byen an ayiti festival sa genyen nom RARA ou byen kanaval rural, pou kisa paske nan tan lontan nou menm vodouyizan nou pat kapab pran la ri ak rara, sete nan andeyò yo nan mitan nan nwit nou te konn fè rara, nan republik dominikin li genyen nom GAGA, se ayisyen ki al viv nan repiblik dominiken ki pote rara a,
30 kilometre nan sud  pòtoprens ou jwen Leogane, 100 kilometre nan nò pòtoprens ou jwen artibonite 2 zòn sa yo se la ke tradisyon rara a sòti
Peryòd rara kòmanse aprè madi gra jouk dimanch pak, pou kisa yo toujou di ke rara se epòk payen, paske legliz katolik selebre 40 jour sa yo pou priye ak fè jeune, nou menm vodouyizan nou selebre epòk sa nan tanbou, muzik, dans, nan loa nou, pou espri yo proteje nou, ban nou sante, ak ban nou sa nou gen bezwen pou nou viv.
Major jon
30 tan de sa te genyen yon tradisyon depi yon ti moun ap pipi nan kabann paran an tann epòk rara kon majorjon an ap pase yo rele ti moun nan tèlman pè li kite pipi nan kabann, major jonc an se li men kap voye baton an anlè epi li atrapel, li abiye ak rad payèt plizyè koulè, lè lap fè sènn li an tout moun kanpe ap gadel
Instriman yo jwe nan rara a:
Tronpèt, tanbou, kès
Rwa djab- major jon sete gro indyen yo